4 Etap pou'w pwoteje kont WhatsApp ou

Imaj : 4 Etap pou'w pwoteje kont WhatsApp ou

WhatsApp se aplikasyon tèks mesajri majorite mond lan itilize, se sou li nou pale ak pwòch nou, pataje foto, videyo, ak enfòmasyon ki menm antre nan kad pèsonèl, sansib ak entim. Nou dakò ke yon aplikasyon konsa merite yon minimòm proteksyon. Ebyen nan atik sa nou pral pataje 4 etap senp ansanm avèw pou'w pwoteje kont WhatsApp ou.

1. Itilize WhatsApp ki ofisyèl

iItilize yon WhatsApp ki pa ofisyèl se pran risk pou ekspoze done'w ak konfidansyalite'w a yon konpayi ki pa legal pou'l fè sa l'ap fè a. Ann di yo leve yon bon maten yo vann done tout itilizatè yo, pa g'anyen w'ap ka di nan sa, paske se ou ki te chwazi itilize yon aplikasyon Whatsapp ki pa ofisyèl. Donk solisyon an se itilize WhatsApp (Busness ou Messenger).

2. Aktive verifikasyon an 2 etap la

Se yon kouch sekirite anplis, Li pèmèt ou asosye kont WhatsApp la ak yon kòd PIN. Lè'w pra'l enstale'l ankò, anplis de nimewo telefòn nan y'ap mande'w kòd PIN nan. Pou'w aktive'l, ou prale nan paramèt > kont > verifikasyon an 2 etap > klike sou aktive > antre yon kòd pin a 6 chif > konfime'l > klike sou anrejistre. Verifikasyon an 2 etap la aktive kounya, ou ka jis klike sou inyore pou fini pwosesis la oubyen klike sou ajoute yon adrès email pou'w asosye youn avèl tou.

3. Kontwole kiyès ki ka mete'w nan group

WhatsApp pèmèt nenpòt moun ki gen nimewow ka metew nan group. Sa ki pa toutan yon bon lide. Pou dezaktive opsyon pa defo sa, ou prale nan paramèt > konfidansyalite > group > Epi mete'l sou kontak mw yo. Ou gendwa menm deside kiyès egzakteman ki ka metew nan group ak dènye opsyon an.

4. Aktive devewouyaj biyometrik la

Lè opsyon sa aktive, li mandew anprent dijital ou pou'l baw aksè a aplikasyon an. Pou'w aktive'l, ou prale nan paramèt > konfidansyalite > vewouyaj aplikasyon an > epi klike sou devewouyaj biyometrik la pou'w aktive'l.

Vanderson Guerrier