Politik konfidansyalite

Nan Kwen Tèk, nou pran pwoteksyon done pèsonèl ou yo trè oserye. Politik konfidansyalite sa esplike kòman nou kolekte, itilize ak pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou yo lè w'ap itilize sit entènèt nou an.

Done nou kolekte

Lè w'ap kreye yon kont, enfòmasyon nou kolekte se Siyati, Non, Sèks, Adrès imèl, Peyi kote w'ap viv, ak yon hash modpas ou.

Metòd Koleksyon done

Nou kolekte done pèsonèl ou yo atravè yon fòmilè enskripsyon ke'w ranpli volontèman lè w'ap kreye yon kont sou sit la.

Itilizasyon done

Nou itilize enfòmasyon nou kolekte yo pou :

Pataj done

Nou angaje'n pou'n pa pataje enfòmasyon pèsonèl ou yo ak okenn lòt entans tyès, sof si lalwa egzije'l pou pwoteje dwa nou.

Sekirite done

Nou mete anplas yon ansanm mezi sekirite pou pwoteje done pèsonèl ou yo kont aksè san otorizasyon, alterasyon, divilgasyon oswa destriksyon.

Dwa itilizatè

Ou gen dwa pou'w :

Konsèvasyon done

N'ap konsève done pèsonèl ou yo osi lontan ke kont ou a aktif ou osi lontan li nesesè pou'n ofwi'w sèvis nou yo.

Modifikasyon politik la

Nou rezève'n ledwa pou'n modifye politik konfidansyalite sa yo nenpòt ki lè. N'ap enfòme'w osito ke posib de nenpòt modifikasyon enpòtan atravè yon imèl.

Kontakte'n pou nenpòt kesyon ou avi sou politik konfidansyalite sila.