Byenveni sou Kwen Tèk !
Pi gwo platfòm teknolojik la an Kreyòl Ayisyen.

Nou menm nan Kwen Tèk, objektif nou se rann teknoloji a aksesib ak tout Ayisyen, nan esplike konsèp ak nosyon teknolojik pi senp ke posib, nan lang manman nou. Nou rete kwè ke konesans se yon zam ki pi pwisan lè'n pataje'l nan yon fason ke tout moun kapab konprann.

Ke'w se yon ekspè oubyen debitan, nou redije kontni nou yo pou'n ede'w pi byen konprann teknoloji k'ap fasone mond nou an. Gras ak atik, titoryèl ak lòt resous nou yo, nou vle kreye yon kominote kote chak moun kapab aprann epi evolye.

Rejwenn nou nan avanti teknolojik sa pou'n dekouvri ansanm mèvèy mond nimerik la an Kreyòl Ayisyen.