Poukisa ByteDance pa vle vann ameriken Tiktok

Nan jou ki sòt pase yo te g'on gwo bwadfè ant dirijan ameriken yo ak ByteDance, ki se konpayi chinwa pwopriyetè TikTok la. Nou konnen Tiktok se youn nan rezo sosyal ki pi popilè nan dènye ane sa yo, Ebyen sa ki pa pase inapèsi pou dirijan premye pwisans mondyal yo, Kote yo menm, yo te kòmanse mennen ankèt yo sou konfidansyalite itilizatè ameriken yo depi nan lane 2019.
Tout bon politisyen konnen ki enfliyans yon rezo sosyal kapab genyen sou yon opinyon piblik. Pou eleksyon amerikèn 2016 la, g'anpil gro medya ki te fè kwè ke patizan Donald Trump yo te itilize Facebook pou yo te fè yon kanpay masif kont Hillary Clinton, kandida alepòk.
Ebyen fwa sa nan koze Tiktok la, dirijan ameriken yo di pye kout pran devan, yo vle kontrekare evantyalite kote gouvènman chinwa a ta gen aksè ak done itilizatè ameriken yo. Nan jou ki sòt pase yo, chanm reprezantan an vote yon lwa ki siyen pa prezidan Joe Biden ki oblije ByteDance vann yo Tiktok jiska Janvier 2025 oubyen y'ap banni'l sou teritwa tonton Sam nan.
Yon nouvèl ki rive nan zòrèy dirijan Bytedance yo, ki ta pral reyaji aprè pou yo fè konnen ke pa gen bagay konsa, yo refize projè lwa sa kategorikman. Olye pou yo ta vann TikTok sou teritwa ameriken an yo prefere kite'l bani , Men yo di tou yo pral goumen devan tribinal pou yon katastwòf konsa pa rive.
Men pou ki rezon ByteDance pa vle vann ameriken TikTok ?
Premye rezon an gen yon pòte stratejik, Siksè TikTok la chita sou algorit li yo, ki baze sou kòpòtman itilizatè yo lè yo sou aplikasyon an. Sa vle di, se an fonksyon de videyo itizatè a renmen, kòmante, pataje, ak ajoute kòm favori'l algorit yo ap propoze'l lòt video. Donk vann TikTok sou teritwa ameriken se vann tout done ak algorit ki fè'l fè siksè yo. Yon bagay ki pa parèt anvizajab pou dirijan ByteDance yo.
Dezyèm rezon an gen yon pòte Ekonomik, Si Bytedance finalize yon dil konsa, valè machann li ap diminye nan ekonomi mondyal la. Y' ap pèdi anpil envestisè, e sa ki p'ap bon pou antrepriz la alontèm.
Twazyèm e dènye rezon an dòd politik, Pa bliye Lachinn ak Etazini se pa 2 pi bon zanmi nan zafè teknoloji, yo g'on kous y'ap fè ant yo pou wè kiyès k'ap gen sipremasi teknolojik la. Donk, lè nou konnen ke TikTok se yon teknoloji chinwa, dirijan dezyèm pwisans mondyal yo ka depoze dwa veto yo sou yon tranzaksyon konsa.
Angwo, se tout rezon sa yo ki ka fè ByteDance pa vle vann ameriken TikTok sou teritwa tonton Sam nan , Si'w konnen yon lòt rezon, pataje'l nan espas kòmantè yo ak nou n'ap diskite sou li.
Vanderson Guerrier