Avantaj ak dezavantaj rezo sosyal yo

Imaj : Avantaj ak dezavantaj rezo sosyal yo

Rezo sosyal yo se mwayen nou itilize pou'n kominike ak pwòch nou, pataje kontni, ak divèti nou sou entènèt la. Yo jwenn orijin yo nan kòmansman ane 1970 yo ak popilarite entènèt, depi lè sa yo pa janm sispann boujonnen, jiskaske yo rive devlope pwòp spesyalite pa yo nan lè modèn nou an.

Men, fòk nou di'w tou, depi nan kòmansman kreyasyon rezo sosyal yo, gen kesyon ki pa janm sispann poze, tankou ki avantaj yo vrèman ? ki dezavantaj y'ap pote pou nou? Ebyen nan atik sa nou pral eseye detaye pou ou kèk avantaj ak dezavantaj ki gen nan kesyon rezo sosyal yo, yon fason si ou menm ou ta deside yon jou itilize yo, oubyen ou deja ap itilize yo pou'w konn ki kotew chita.

Avantaj

Premye pwen pozitif ki gen nan zafè rezo sosyal yo se posiblite yo ba nou pou'n fè lajan anliy, nou ka vann pwòp pwodwi pa nou san n' pa bezwen yon plas fizik, nou ka vann yon sèvis sou entènèt la, fè maketin ak piblisite pou biznis nou, jwenn yon konpayi pou'n envesti ect...

Lòt aspè pozitif ki gen ak rezo sosyal yo ankò, sèke yo pèmèt nou aprann anliy, gen diferan kontni nan diferan lang ki disponib gratis ti cheri, ou jis gen pou devwa pouw chèche kontni ke'w bezwen an epi aprann. Kòm avantaj tou, nou ka site nouvo dyòb ki kreye gras ak kreyasyon rezo sosyal yo, pa egzanp : devlopè web , devlopè mobil, moun k'ap jere rezo sosyal pou pèsonalite piblik ak antrepriz.

Nou gendwa pou'n di tou ak rezo sosyal yo nosyon ki rele distans lan pèdi nan valè'l, lèn konnen rezo sosyal yo pèmèt nou bati epi kenbe relasyon long distans, echanje ide ak pataje enfòmasyon nan tout rès mond lan endepandanman de kote n'ap viv la, san n' pa'p bliye kote amizman ki gen ladan yo. Pa bò lakay nou, nou gen pafwa lenpresyon ke strès te ka gentan fini ak nou si se pat sou vye rezo sosyal sa yo nou monte pafwa poun anmize nou.

Dezavantaj

Men odela de tout bèl bagay sa yo, ke rezo sosyal yo ofri nou, nou dwe fè atansyon ak yo paske yo gen move kote yo tou. Premyèman, nou ka pale de atak pirat ke nou ka sibi sou rezo yo, haters k'ap pran foto moun pou yo sal imaj moun, e dezyèmman adiksyon yo ka kreye lakay nou, gen de moun ke se zen sou entènèt la ki leve yo lematen, paske fòk yo konn sa k'ap bouyi sou rezo a avan menm tout bagay.

Men vrè problèm rezo sosyal yo m' vle pale ak nou an se problèm sante mantal la, san nou pa okouran rezo sosyal yo kontribye anpil nan chase byennèt mantal nou. Bezwen sa nou genyen an pou'n toujou enfòme de sa k'ap pase sou rezo a, pè sa nou resanti a pou'n pa manke yon nouvo enfòmasyon, nan majorite ka tounen yon adiksyon, e se adiksyon sa lè li met pye ki fè nou pa santi nou alèz lè nou fè yon jounen nou pa monte sou rezo a, ki fè nou kontinye ap konsonme kontni sou rezo yo ankò e ankò, e ki malerezman pral ogmante to ensekirite nou, ak fistrasyon nou.

Daprè yon etid Kanadyen, plis ou itilize rezo sosyal yo se plis ou gen chans pou'w santi ou pou kont ou ak izole. Ekspozisyon konstan tèt nou ak bèl foto zanmi'n ak bèl fo vi sa ke y'ap vann sou rezo a kote yo montre'w y'ap byen pase ka gen yon enpak negatif sou sante mantal ou. Lè'w pa kontwole nivo itilizasyon rezo sosyal ou yo, se lè sa a ou petèt remake nivo enkyetid ou ak to ensekirite'w ogmante.

An konklizyon, rezo sosyal yo se youn nan pi bon bagay ki ka rive'n nan mond lan. Yo konplètman revolisyone mond n'ap viv jodia. Sepandan nou dwe fè atansyon nan fason n'ap itilize yo, sinon yo ka tounen yon zouti destriktif olyede yon bagay enpòtan pou nou, omniprezans ekran yo devan zye nou ka degrade kapasite konyitif nou epi itilizasyon konstan rezo sosyal yo ka afekte sante mantal nou negativman.

Vanderson Guerrier