Tout saw dwe konnen sou entèlijans atifisyèl

Imaj : Tout sa'w dwe konnen sou entèlijans atifisyèl

Definisyon EA

Nou pale de entèlijans atifisyèl se lè òdinatè ou machin yo kabap efektye tach ki nòmalnan mande entèlijans moun, tankou : aprann, rezoud problèm ak pran desizyon.

Domèn Aplikasyon EA

Entèlijans Atifisyèl (EA) vinn yon eleman kle nan transfòmasyon dijital la, li touche plizyè endistri e pèmèt antrepriz yo genyen an efikasite ak pwodiktivite.
Men kèk domèn nou jwenn aplikasyon konkrè EA :

Edikasyon

imaj edikasyon an
  • Pèsonalize aprantisaj elèv yo atravè platfòm aprantisaj adaptif yo.

Plizyè gro inivèsite nan mond lan kòmanse enkòpore EA nan sistèm edikatif yo a, tankou Harvard , Arizona ect ... Youn nan platfòm aprantisaj adatif ki pi popilè yo se Knewton , li adapte'l ak fòs, feblès, ritm aprantisaj ak prefererans chak elèv pou'l konsevwa yon program spesyal pou yo ki reponn ak bezwen yo epi ede yo ogmante pwodiktivite yo.

Lasante

imaj lasante a
  • Ede doktè yo nan dyagnostik maladi.
  • Predi rezilta pou pasyan yo.
  • Rekòmande trètman.

Nan sans sa profesyonèl lasante yo ka plis fokis sou eta sante pasyan yo, sa ki pèmèt pasyan yo jwenn pi bon sèvis.

Finans

imaj finans la
  • Analize tandans mache a pou konseye chwa envestisman.
  • Evalye risk ki asosye ak prè, ak asirans pou pran bon jan desizyon.
  • Detekte konpòtman sispèk ki petèt endike yon scam ou yon tranzaksyon ki pa otorize.

Si ou aspire a vini yon gran antreprenè demen, ou dwe gen yon minimòm konesans sou jan yo itilize EA nan domèn finans.

Otomobil

imaj otomobil la
  • Ede konstwi machin ki otonòm e ki pi efikas.
  • Amelyore sistèm navigasyon.

Sa se yon machin otonòm Tesla ki itilize kaptè, kamera, ak algorit pou'l pèsevwa anviwonman an epi deplase poukont li.

EA Ak Etik

Nou pa ka pale de EA san nou pa pale de etik, se yon sijè ki fondamantal, gen moun ki di itilizasyon EA pa etik, li ka mete fiti nou an danje. Se poutèt sa w'ap wè kèk peyi tankou Etazini, Lachin ou yon enstans ekonomik politik tankou Inyon Ewopeyèn chita ansanm pou yo etabli kèk règ sou itilizasyon EA nan lide pou kontwole'l.

imaj etik la

Kèk inivèsite menm entèdi etidyan yo itilize ChatGPT pou yo fè devwa. Pa egzanp si w'ap eseye jwenn yon lèt admisyon pou'w al etidye Kanada nan inivèsite Torento, si yo konnen ou ekri lèt motivasyon an ak èd ChatGPT y'ap rejte kandidati'w la otomatikman.Donk avan ou itilize EA pou reyalize yon projè ou dwe konnen restriksyon ou limitasyon ki gen sou projè a pa rapò a EA.

EA Ak Fiti

EA pral gen yon enfliyans dirèk sou lavi nou, toutotan li kontinye evolye ak entegre plizyè aspè nan sosyete a l'ap enpakte sinyifikativman fason nou viv, travay, entèaji ak pran desizyon.

imaj etik la

Daprè foròm ekonomik future job report g'anpil dyòb ki pap egziste ankò, men konsa tou pral gen kreyasyon nouvo dyòb. Donk li depann de nou pou'n konnen ki avantaj ak enkonvenyan ki gen nan EA epi eseye benefisye de li.

Vanderson Guerrier