Kisa yon framework ye

Imaj : Kisa yon framework ye

Yon framework se yon anviwònman travay ki gen yon ansanm zouti ak fonksyonalite tou pare ke yon devlopè ka jis pran epi ititlize nan pwòp projè pa'l.

Li pèmèt yon devlopè pa oblije kòmanse ekri kòd a zero chak fwa li pral demare yon projè. Nan ka sa devlopè a ekonomize tan, epi amelyore efikasite projè'l la tou, paske toujou gen mizajou ak optimizasyon k'ap fèt nan framework la.

Angwo, li pèmèt devlopè a fokis sou spesifisite projè'l la pandan l'ap ba'l yon bann engredyan tou pare.

Sèl pwen nwa ki gen nan framework la, sèke devlopè a paka ale pi lwen ke anviwònman travay sa, li gen yon ansanm règ li dwe swiv. E pou sa ki pi kirye yo li ka parèt fwistran pou w'ap itilize yon bann zouti san'w pa konprann lojik ki kache dèyè yo a vrèman.

Pou'n fini, men yon lis 4 framework ki fè pati de sa ki pi popilè yo nan devlopman wèb la :

  • Django (Python)
  • Symphony (PHP)
  • Ruby On Rail (Ruby)
  • React (Javascript)

Vanderson Guerrier