Nan ki langaj pou'm kòmanse pwograme

Imaj : Nan ki langaj pou'm kòmanse pwograme

Youn nan kesyon ki toujou vini lè yon moun bezwen lanse'l nan pwogramasyon, se "Ak ki langaj pou'l kòmanse ?" Yon kesyon ki gen plas li, men ki pa fòseman sisite meyè repons yo.

An reyalite, premye kesyon ou sipoze poze tèt ou lèw anvi lanse'w nan progwamasyon, se "Ki sa m vle fè egzakteman ?" Gendwa se devlopman wèb, devlopman aplikasyon, ou petèt jwèt videyo. Ou sipoze dabò defini ki saw vle fè ak pwogramasyon an, answit chwazi meyè langaj ki adapte ak sa'w vle fè a.

Pa egzanp, si'w anvi fè wèb JavaScript se yon solisyon, si'w anvi fè jwèt videyo ou ka kòmanse ak C++ oubyen C#, si'w plis entèrese ak devlopman aplikasyon ou ka kòmanse ak Kotlin pou Android oubyen Swift pou IOS, e si tout fwa tou lespri'w plis panche sou analiz done ak entèlijans atifisyèl, ou gen pou devwa kòmanse ak Python.

An rezime se pa langaj la ki pi enpotan li menm, men se kisa ou vle fè a, avan ou kòmanse aprann premye langaj pwogramasyon'w ou dwe detèmine kisa'w vle fè avan, epi chwazi langaj apwopriye a.

Vanderson Guerrier