Kòman entèlijans atifisyèl jenere imaj

Entèlijans Atifisyèl (EA) toujou ret yon mistè pou anpil nan nou, li difisil pou'n rive imajine, kòman EA fè jenere imaj ki sitèlman reyalis ke nou pa menm ka distenge si se yo menm oubyen moun ki fè yo, Ebyen nan atik sa nou pral esplike'w nan yon bat je kòman EA rive jenere imaj.
Premye bagay pou'w konnen, avan menm ke EA yo kapab jenere imaj, ekspè yo antrene yo dabò, yo aprann yo analize, konprann, rekonèt ak klasifye imaj ak yon presizyon enòm, gras ak zouti CNN (rezo newòn konvolitif) yo.
Pou yo rive jenere imaj, ekspè yo itilize yon lòt teknoloji ki se GAN (rezo antagonis jeneratif) Ki konpoze de 2 rezo newonal, ki se yon jeneratè ak yon diskriminatè.
Jeneratè a la pou'l jenere imaj apati de done ki sòti nan antrennman EA a, pandan ke diskriminatè a li menm, l'ap evalye kalite imaj jeneratè a ap pwodui yo pa rapò ak imaj reyèl. Pwosesis sa pèmèt jeneratè a amelyore kapasite'l kontinyèlman pou'l pwodwi imaj ki pi reyalis, se konsa EA yo rive jenere imaj enpresyonan.
Angwo, jenerasyon imaj pa yon entèlijans atifisyèl chita sou yon ansanm metòd aprantisaj profon (Deep learning) ki se CNN pou antrene EA a, ak GAN pou'l jenere imaj.
Vanderson Guerrier