Orijin entèlijans atifisyèl

Imaj : Orijin entèlijans atifisyèl

Entèlijans atifisyèl (EA) se youn nan domèn ki fè anpil pale anpil dènye tan sa yo. Se yon domèn ki kòmanse tabli'l tipa tipa nan sosyete nou an, pami sa ki pi popilè yo, nou jwenn ChatGPT, Gemini, Midjourney ect...

Men, pou'n vrèman konprann enpak EA ka gen nan sosyete nou an, li enpòtan pou'n remonte nan orijin konsèp entèlijans atifisyèl la, kòman tout bagay te kòmanse? Ki premye lide ak avans teknolojik ki te pèmèt devlopman'l ? Atik sa rakonte istwa EA, sòti nan kòmansman konseptyèl li pou rive nan evolisyon'l jan nou konnen'l jounen jodi a.

Kòmansman konseptyèl EA

Lide pou kreye machin ki ka panse ak aji tankou moun egziste depi plizyè syèk. Depi nan tan lontan, gen mit ak lejand ki te konn pale de otomat ak bèt atifisyèl ki gen kapasite imen. Men, se nan 20tyèm syèk la ke konsèp modèn EA a ta pral kòmanse pran fòm.

Alan Turing ak machin inivèsèl la

An 1936, Alan Turing, yon matematisyen britanik, te pwopoze konsèp "machin inivèsèl" la, yon machin ki kapab rezoud nenpòt pwoblèm matematik si yo ka dekri'l pa yon algorit .Se te lide sa ki te konstitiye baz teyorik EA.

Premye rechèch yo sou EA

Ane 1950 ak 1960 yo te make kòmansman rechèch fòmèl sou entèlijans atifisyèl. Plizyè evenman kle ak pèsonalite enpòtan te kontribye pou etabli EA kòm yon domèn syantifik apa.

Konferans Dartmouth (1956)

Yo konsidere konferans sa kòm pwen depa ofisyèl EA, se yon konferans ki te rasanble chèchè nan diferan domèn pou diskite sou posibilite pou kreye machin entèlijan. John McCarthy, Marvin Minsky, Nathaniel Rochester ak Claude Shannon te pami patisipan sa yo.

Premye pwogram EA yo

Pandan peryòd sa yo, chèchè yo ta pral devlope pwogram ki kapab rezoud pwoblèm matematik, jwe echèk ak demontre teyorèm lojik. Youn nan premye pwogram remakab yo se te "Logic Theorist" Ki te devlope pa Allen Newell ak Herbert A. Simon.

Avans teknolojik ak defi yo

Deseni aprè yo ta pral konnen pwogrè enpòtan nan devlopman EA, men li ta pral konnen moman difisil tou.

Aprantisaj otomatik ak rezo newonal yo

Nan ane 1980 ak 1990 yo, chèchè yo ta pral eksplore nouvo apwòch, tankou aprantisaj otomatik (machine learning) ak rezo newonal yo, enspire pa fonksyonman sèvo moun, pou bay machin yo kapasite pou yo aprann.

Ivè EA

A plizyè repriz, antouzyas pou EA ta pral diminye akoz limit teknolojik ak atant ki pat reyalis pandan peryòd sila. Peryòd stagnasyon sa yo, ekspè yo rele'l "ivè EA".

Monte EA nan tan modèn nan

Nan kòmansman 21nyèm syèk la, plizyè faktè pral kontribye nan renesans ak monte espektakilè EA a.

Big Data ak pwisans kalkil yo

Kantite done ki vinn genyen yo ak gwo avanse nan zafè pwisans kalkil vinn pèmèt algorit EA yo trete gwo volim enfòmasyon pi rapid.

Aprantisaj profond (Deep Learning)

Yon soukategori nan aprantisaj otomatik la, ki revolisyone domèn tankou vizyon òdinatè, trètman langaj natirèl ak anpil lòt ankò.

Konklizyon

Orijin entèlijans atifisyèl se yon melanj fasinan lide vizyonè, rechèch pyonye ak pwogrè teknolojik. Jodi a, EA kontinye pouse limit sa ki posib, transfòme endistri anantye ak ouvè nouvo pèspektiv pou lavni. Lè nou konprann kote EA soti, nou ka pi byen apresye akonplisman'l epi antisipe evolisyon'l pou lavni.

Vanderson Guerrier