Kòman yon dwón fè vole, chanje direksyon epi ateri

Imaj : Kòman yon dwón fè vole, chanje direksyon epi ateri

Ou petèt konn poze tèt ou kesyon tankou, kòman yon dwón fè vole ? Sak kenbe l’ anlè a ki fè l' pa tonbe ? Kòman l' fè deplase, chanje direksyon? Poukisa li gen 4 elis kap vire ansanm ? Li nòmal pou tout kesyon sa yo vinn nan lespri'w, se sak fè nan atik sa, nou pral montre'w nan bon ti manmit san nou pa antre nan twòp detay, kòman yon dwón fonksyone.

Kòman dwón nan fè vole

Premye bagay ki atire atansyon'n lè nou wè yon dwón se elis yo, nou kapab poze tèt nou kesyon, poukisa yo la? Ebyen, pou yon objè kapab rete, oubyen vole nan atmosfè a, fòk li gen yon fòs ki pèmèt li reziste kont gravite a. Gravite a se fòs ki toujou ap rale bagay yo desann tonbe anba. Egzanp, lè ou voye yon wòch anlè, li retounen vinn jwenn ou. Ebyen, nan ka dwón yo, se elis yo ki asire fòs rezistans sila a.

Kounya, ou konn pou ki rezon elis yo la, men ou ka toujou di kòman yon moso plastik kap vire fè rale yon bagay monte? Ebyen, repons lan trè senp : tout sa ki fè fòs sou yon bagay, sibi menm fòs la de bagay sa. Pa egzanp, lè ou gonfle yon blad epi ou lage'l san li pa mare, ou remake ke blad la gen yon fòs ki pouse'l. Kisa bagay la ye ? Se blad la, pandan l'ap retresi, ki pouse van ki te anndan'l nan deyò. Epi menm van sa pandan l'ap sòti fè yon fòs sou blad la ki pouse blad la devan. Nou ka pran yon lòt egzanp : lè ou mate yon boul baskèt atè, li gen tandans remonte vinn jwenn ou. Nan ka pa elis yo, se pandan y'ap vire, y'ap bay van, epi menm van sa ap pouse yo nan lòt sans lan. Kidonk, si van an ap fè anba, elis yo ap monte anlè.

Imaj elis dwón yo

Ou ka mande tou poukisa se 4 elis, li pa 5, 6, 7 eksetera...? Ebyen n'ap diw tou gen dwón ki gen 2, 3, 6, jiska 8 elis e menm plis. An konklizyon, dwón nan gen yon kantite elis kap vire nan optik pou pouse dwón nan monte pandan y'ap pouse van dessann. Men n'ap plis chita sou dwón ki gen 4 elis yo pou jodi a.

Kòman dwón nan fè chanje direksyon

Ou konprann kounya kisa ki fè yon dwón vole, men nan ka dwón 4 elis yo, ou ka toujou mande, kisa ki fèl avanse, fè bak, fè agoch, adwat, vire dessann eksetera... Ebyen, repons lan trè senp : se diferans ki gen nan vitès chak elis yo. Pa bliye nou te diw, se fòs elis yo jenere pandan y'ap vire a ki pèmèt dwón nan vole e ret anlè. Men fòs sa depann de ak ki vitès elis yo ap vire (sa nou rele vitès wotasyon elis yo.) Fòk ou konnen ke pou yon dwón 4 elis menm jan a sa ki nan imaj anba a, tout elis yo pap vire nan menm sans. 2 elis ki sou menm dyagonal vire nan menm sans e 2 elis ki kòt a kòt vire nan sans opoze.

Kòman Elis dwon yo ap vire

Pou dwón nan avanse, vitès 2 elis dèyè yo ogmante, pandan ke vitès 2 elis devan yo diminye. Sa vinn kreye yon dezekilib ki fè dwón nan vinn panche an avan, e se konsa li avanse. Konsa tou, pou dwón nan fè bak, ou deja konprann ke se vitès 2 elis devan yo ki pou ogmante epi vitès 2 sa deyè yo dwe diminye. Prensip lan rete menm jan pou dwón nan fè agoch ou adwat.

Kòman dwon yo chanje direksyon

Pou dwón nan vire agoch ou adwat, vitès 2 nan elis ki fas a fas yo dwe ogmante pandan 2 lòt yo ap diminye. Poun pi byen konprann, shema anba a ilistre vitès premye elis la pa M1, M2 pou dezyèm nan, M3 pou twazyèm nan ak M4 pou katriyèm nan. Pa egzanp pou dwón nan vire agoch M1 ak M3 dwe ogmante, pandan M2 ak M4 ap diminye.

Kòman Elis dwon yo ap vire

Kòman dwón nan fè ateri

Pou dwón nan ateri, se pi senp toujou. Vitès tout elis yo diminye an menm tan epi menm jan. Sa ki fè fòs ki te kenbe dwón nan anlè a diminye. Se kòmsi ou te leve yon gro wòch anlè, apre kèk tan men ou fatige e fòs ou kòmanse diminye, epi ou deside lage wòch la atè.

Kisa sistèm Gyroscope la ye

N'ap fèw konnen gen yon sistèm ki trè enpòtan nan zafè dwón ki rele « Gyroscope ». Sistèm sa pèmèt dwón nan stabilize'l rapidman lè li rankontre yon ka enstabilite. Pa egzanp si pandan dwón nan ap vole, epi gen yon van ki vinn frape'l anfas « Gyroscope » la ap varye vitès elis yo, yon fason pou ekilib la retabli. Men nou p'ap antre twò fon nan koze « Gyroscope » la kounya, se yon konsèp ki ontijan konplèks.

An konklizyon

Yon dwón se yon objè ki ka vole pandan lap fè plizyè mouvman gras a yon seri de pyès k'ap vire ke yo rele elis.Tout elis yo pa vire nan menm sans, yon fason pou garanti estabilite dwón nan. E yo pa toujou vire a menm vitès. Kounya, ou konn tout prensip fondamantal yon dwón, donk youn k'ap vole p'ap yon mistè pou ou ankò. W'ap just wè' l kòm yon objè ki itilize lwa fizik lanati pou li goumen ak gravite e fè sa yo mande'l fè.

Edouard Samuel