DeepSeek : Nouvo fenomèn entèlijans atifisyèl la

DeepSeek : Nouvo fenomèn entèlijans atifisyèl la

7 mwa aprè lansman ofisyèl modèl entèlijan an : DeepSeek, chatbo chinwa a vini aplikasyon AI ki plis telechaje sou Apple Store Ozetazini devan ChatGPT.

Sa ki sisite yon mas reyaksyon sou entènèt la, e menm atire atansyon ekspè yo. Genyen ki konsidere'l kòm yon van chanjman nan domèn entèlijans atifisyèl la. Se sak fè nou vin eksplike w nan atik sa, ki kote foli pou Chatbo a sòti, e ki enpak sa ka genyen sou mache global la.

Ki kote foli pou DeepSeek la sòti?

Nou te pran leswen pou nou telechaje Chatbo a e poze'l yon seri kesyon, daprè sa nou wè se yon chatbo :

  • Ki reponn rapid ak yon presizyon dekonsètan
  • Li swiv fil konvèsasyon yo trè byen
  • Li gen kapasite pou'l jenere liy kòd ak analize imaj

Men se pa la toujou foli pou DeepSeek la sòti. Yon moun, ou ka toujou di ChatGPT fè tout bagay sa yo trè byen.

Ebyen sa pou'w konprann, pou OpenAI antrene yon modèl entèlijan tankou chatGPT li depanse plizyè milya dola ameriken. E youn nan materyèl ki koute plis lajan, se GPU konpayi tankou NVIDIA yo, ki la pou rann modèl la efikas ak pèfòman.

Kounya, ou vinn gen DeepSeek ki se yon projè open-source, ki koute sèlman 5 milyon dola, ki pa itilize menm kantite GPU byen chè yo tankou ChatGPT, e ki ka ba'w kalite pèfòmans sa, se la tout foli pou DeepSeek la sòti.

Nan moman n'ap ekri atik sa, valè machand NVIDIA ak lòt jeyan ameriken nan domèn pis elektwonik la kòmanse bese drastikman, sa ki kreye yon gwo chòk sou mache teknoloji mondyal la.

Batay pou entèlijans atifisyèl la pa'p sèlman kiyès k'ap rive kreye AI ki pi pèfòman an, men se kiyès k'ap rive fèl la ak mwens resous.

Vanderson Guerrier