3 Kalite ki esansyèl ka yon pwogramè

3 Kalite ki esansyèl ka yon pwogramè

Vin yon pwogramè se pa yon bagay fasil, li mande anpil enèji, detèminasyon ak sakrifis. E si tèt ou pa sou zepòl ou, ou ka kolekte anpil move eksperyans nan domèn sila. Se pou sa nou vin esplike'w nan atik sa, 3 kalite ou ta sipoze gen lakay ou antanke pwogramè.

1. Disiplin

Ou dwe detèmine yon pati nan jounen an pouw kode sèlman, nan moman sa dwe gen yon kominyon ant ou menm ak aparèy w'ap kode a, san okenn lòt distraksyon.

2. Konsistans

Ou dwe konsistan nan sa w'ap fè a, pa kòmanse pwograme jodi pou'w kanpe demen, ni kòmanse yon projè pou'w pa fini'l, se konsistans k'ap fèw pwogrese epi fè'w genyen an matirite.

3. Pasyans

Ou dwe gen pasyans nan tout sa w'ap fè, ou pra'l natirèlman rankontre anpil difikilte, men ou dwe met tèt ou anplas, analize sitiyasyon an avèk kalm epi enplemante solisyon an. Pafwa ou konn jis bezwen yon ti somèy, lèw leve tout bagay parèt pi klè.

Se te 3 kalite nou jije ki esansyèl pou yon pwogramè, Ekri nan espas kòmantè a yon lòt kalite ou panse ki enpòtan tou.

Vanderson Guerrier