Ki wòl bwat vitès la jwe nan yon machin?

Bwat vitès la se youn nan eleman prensipal machin nan, se yon sistèm ki pèmèt chofè a chanje vitès pandan l'ap kouri.
Pou'n eseye konprann mekanis ki kache dèyè bwat vitès la, N'ap fè yon eksperyans trè senp, sipoze nou gen yon doum lwil pou'n deplase, gen 2 ka ki prezante devan'n.
- Tape rapidman sou doum nan epi pouse'l.
- Pran san'n, mete tout fòs nou pou'n pouse'l.
Si nou chwazi premye opsyon an, doum nan riske pa bouje. Rezon an senp, pou deplase yon objè ki pa an mouvman, li mande pou aplike plis fòs sou li ke si li te deja an mouvman. Nan ka sa se dezyèm opsyon an ki valid, pa egzanp lè ou fèk demare yon bisiklèt, ou kòmanse dousman paske li mande plis efò pou'w deplase'l, men tikal pa tikal w'ap vinn fè mwens efò pou'w ale pi vit.
Ebyen, se menm jan pou machin nan, w'ap bezwen plis fòs pou demare'l, men mwens fòs lè'l gentan an mouvman. Angwo nou ka di bwat vitès la se yon sistèm ki pèmèt adaptasyon vitès machin nan ak fòs motè a an fonksyon de wout l'ap kouri a. Egz : mòn, platon, wout labou ect...
Men kisa ki pèmèt chanjman vitès sa yo ?

Se sa nou rele angrenaj yo ki rann sa posib, gen yon prensip trè senp : “Si yon angrenaj A ap vire ak yon angrenaj B ki pi gwo pase'l, angrenaj A a dwe vire pi vit ke angrenaj B a, men angrenaj B a dwe gen plis fòs ke angrenaj A a.” Se prensip sa ki fè machin yo kapab kouri sou nenpòt tip teren.

Pa egzanp, lè machin nan fenk ap derape, bwat vitès la dwe sou rapò 1, paske se rapò 1 an ki bay plis fòs. Menm jan tou, si machin nan ap monte yon pant rapò 1 oubyen 2 a pi adapte. Pa kont, si machin nan deja ap kouri, chofè a dwe chanje rapò vitès yo jiskaske l' rive nan rapò ki bay plis vitès yo. An rezime, pi gwo rapò vitès yo pèmèt machin nan gen plis fòs san ke li pa al twò vit. Pi piti rapò vitès yo pèmèt machin nan al pi vit san ke li pa gen twòp fòs.
Èske gen diferan tip bwat vitès?
Oui gen 2 tip bwat vitès :
- Bwat manyèl
- Bwat otomatik
Èske se tout machin ki gen bwat vitès?
Non, se pou machin ak motè esans yo sèlman, machin elektrik yo pa genyen.
Ou konnen kounya enpòtans bwat vitès la nan machin a motè esans yo. Anplis de sa nou mansyone yo, se li menm ki pèmèt motè machin nan kontinye vire menm lè machin nan kanpe oubyen fè machin nan fè bak. Se donk yon zouti endispansab pou machin a motè esans yo.
Samuel Edouard