iPhone 16 Pro Max : Nouvo Bijou Apple la ! Nouvote, Pri, Dat Soti

iPhone 16 Pro Max : Nouvo Bijou Apple la ! Nouvote, Pri, Dat Soti

Se youn nan pi gwo evènman anyèl mond teknoloji a, Apple k'ap prezante nouvo bijou l' yo. Nan prezantasyon fitiris sa yo, toujou gen yon pwodwi patikilye ki atire atansyon gran piblik la, ki se seri iPhone yo. E ane sa nou gen dwa ak iPhone 16, iPhone 16 Pro ak iPhone 16 Pro Max la.

iPhone 16 Pro Max : Nouvote

Kòm nouvote, iPhone 16 Pro Max la ap ekipe'l de :

  • IOS 18, ki se dènye vèsyon IOS la.
  • Yon ekran 6,9 pous, swa 1328x2878 piksèl
  • Yon nouvo bouton pou kaptire ekrann ak rekòde videyo
  • Yon trip kamera 48 megapiksèl ak youn devan 12 megapiksèl, sa vle di pi bon kalite imaj ak videyo
  • Wi-Fi 7, k'ap pèmèt itilizatè yo transfere done nan yon vitès ki depase 40 GB pa segond
  • Yon batri Lityòm-iyon 4676 mAh

iPhone 16 Pro Max : Pri

Daprè dènye enfòmasyon ki vin jwenn nou, pri a ta sipoze varye ant 1200 ak 1700 dola ameriken depandaman de memwa entèn li ak peyi w'ap viv la. Yon bon paktòl pou'w retire nan pòch ou pou'w pwokire'w dènye chouchou jeyan ameriken an.

iPhone 16 Pro Max : Dat Soti

Aktivite sa ap fèt nan Steeve Jobs Theater a lendi 9 septanm nan maten. Donk nou atann nou ke iPhone 16 Pro Max la pra'l disponib sou prekòmand apre fen aktivite sila.

Vanderson Guerrier